<<

Pou Piblikasyon Imedya: 30 avril 2014

GOUVÈNÈ CUOMO AP FÈ NOUYOKÈ YO SONJE POU YO FÈ BENEVOLA NAN PAK ETA YO POU TWAZYÈM EDISYON ANYÈL “JOUNEN MWEN RENMEN PAK MWEN”

Kantite rekò volontè ki atann pou patisipe nan Samdi

Gouvènè Andrew M. Cuomo jodia vle fè Nouyòkè yo sonje pou yo fè benevola nan park eta prefere yo a oswa nan sit istorik pandan twazyèm edisyon anyèl “Jounen mwen renmen Park mwen an,” kap fèt Samdi sa a, 3 Me 2014. Yon kantite rekò volontè—preske 3,000— te deja anrejistre e eta atann preske 6,000 patisipan. Moun sa yo ki ta renmen bay sipò nan efò netwayaj ak renovasyon nan sit yo toupatou nan eta kapab anrejistre nan http://www.ptny.org/ilovemypark/ .

“Mwen ankouraje tout Nouyòkè yo pou pran yon ti tan pou bay anretou epi rejwenn plizyè milye volontè ki te deja enskri pou patisipe nan 'Mwen renmen jounen nan Pak mwen an' samdi sa a” Gouvènè Cuomo te deklare. “Sistèm park se youn nan byen ki pi valab nou genyen, e nan ede amelyore sit sa yo, nou tout kapab jwen yon wòl nan prezève yo pou jenerasyon kap vini yo.”

Ane sa a volontè tout laj pral ede amelyore park ak sit istorik yo atravè plizyè santèn pwojè ki soti nan netwayaj jeneral park la tankou ranmase debri ak fatra, ranmase espès vejetal elimine nan efò anbelisman tankou plante flè ak pyebwa, retire raje, re-ansemanse, pentire, asanble ak enstale ban ak tab piknik, antretyen santye ak plis ankò.

“Ki pi bon fason pou pwofite deyò samdi sa ke pase yon jou avèk fanmi w, zanmi ak vwazen epi ede netwaye park prefere w oswa sit istorik,” te deklare Komisyonè Park Eta Rose Harvey. “Chak ane li bay enspirasyon pou wè angajman ki genyen lakay anpil nan vizitè nou yo pandan yap patisipe nan Mwen renmen jounen park mwen an ak travay ansanm nan non park ak sit istorik eta yo a.”

“Kreyasyon sistèm park remakab New York se te travay zanmi, sipòtè, ak anpil sitwayen òdinè ki kwè nan enpòtans park. Efò yo te pote lajwa anplennè a plizyè santèn milyon Nouyòkè. Eritaj park sa se yon responsabilite ki te jere de yon jenerasyon ak pwochen an. Atravè Mwen renmen jounen Park mwen an, Nouyòkè yo anmezi pou kanpe epi patisipe nan park yo. Park ede nou tout rete ansante ak aktiv, e nan

Haitian Creole travay ansanm nou ka rann yo ankò pi byen.” te deklare Robin Dropkin, Direktè Egzekitif Park & Santyte New York.

Men kèk chif pou I Love My Park Day:

Nan ane 2013:

• 78 pak ak sit istorik patisipe

• 4,000 volontè

• 10.000 total lè konsakre pou benevola

Grandi nan Twazyèm Ane a: 2014

• 83 pak ak sit istorik patisipe

• Nou atann plis pase 6,000 volontè kòm preske 3,000 deja anrejistre alavans

• Estimasyon 15.000 total lè ki konsakre pou benevola

• Kolaborasyon kontinye avèk NYS Komisyon Nasyonal ak Kominote Sèvis

• Gwo medya ak antrepriz ki patwone atravè Park & Santye, New York enkli AT&T; L.L. Bean; GE; America’s Best Value Inn; Konsèy Biznis NYS; ak LongIsland.com

Pak ak sit istorik ki patisipe pou 2014

Capital District / Saratoga Regional sponsorship provided by New York Flower Power Crown Point State Historic Site Grafton Lakes Grant Cottage State Historic Site John Boyd Thacher State Park John Brown Farm State Historic Site Johnson Hall State Historic Site Mine Kill and Max V. Shaul State Parks Peebles Island State Park (REGISTRATION FULL) Schodack Island State Park (REGISTRATION FULL) Schoharie Crossing State Historic Site

Haitian Creole Central Region Chittenango Landing Canal Boat Museum Clark Reservation State Park Clark Reservation State Park - BioBlitz State Historic Site Herkimer Home State Historic Site Lorenzo State Historic Site Old Erie Canal State Park, Madison County Corridor (Oneida)

Finger Lakes Fair Haven Beach State Park Ganondagan State Historic Site (REGISTRATION FULL) - Chili Genesee Valley Greenway - Cuba Genesee Valley Greenway - Leicester/Mt.Morris Ithaca Dog Park at the Allan H. Treman Marine State Park Robert H. Treman State Park (REGISTRATION FULL) & Mansion State Historic Park (REGISTRATION FULL)

Hudson Valley Bannerman Island (REGISTRATION FULL) Clermont State Historic Site Dennings Point - Hudson Highlands State Park Fahnestock State Park (Clarence Fahnestock) Franklin D. Roosevelt State Park Harlem Valley Rail Trail (at ) Harriman State Park - (Anthony Wayne Recreation Area) Hudson Highlands State Park Preserve Jay Heritage Center Minnewaska State Park Preserve Minnewaska State Park Preserve - BioBlitz Old State Historic Park - Croton-on-Hudson Old Croton Aqueduct State Historic Park - Hastings-on-Hudson

Haitian Creole Rockefeller State Park Preserve (including Hook Mountain and Nyack Beach ) Staatsburgh State Historic Site Taconic State Park State Historic Park

Long Island Bayard Cutting Arboretum State Park Caleb Smith State Park Preserve (REGISTRATION FULL) Connetquot River State Park Preserve Hempstead Lake State Park Nissequogue River State Park Planting Fields Arboretum State Historic Park (REGISTRATION FULL) (Alfred E. Smith) Walt Whitman Birthplace State Historic Site

New York City Clay Pit Ponds State Park Preserve State Park FDR Four Freedoms Park (REGISTRATION FULL) Roberto Clemente State Park

Thousand Islands Region (REGISTRATION FULL) Point au Roche State Park Wellesley Island State Park

Western NY Artpark State Park (Earl W. Brydges) (REGISTRATION FULL)

Haitian Creole Wilson-Tuscarora State Park

Pak Lokal Anplis evenman nan pak eta yo ki liste pi wo a, pak lokal yo ap nan menm eta despri a! Evenman I Love My Park Day ap fèt nan pak ak sit istorik ki se pwopriyete kominote zòn lan. Pou konnen plis sou evenman sa yo, vizite lyen sa yo ki pi ba:

• Angelo Canna Town Park , Cairo, NY – 11:30am a 3pm. Pou plis enfòmasyon, rele Biwo Sipèvizè Vil la nan 518-622-2060 oswa imèl [email protected] .

• Center Park Jounen Netwayaj Prentan , Perinton, NY – 10-11:30am. Klas 6 yèm -12 yèm ane. Tanpri imèl Julie Eble nan [email protected] si w gen kesyon oswa vizite Perinton's website pou plis detay ak pou anrejistre.

• Kingston Parks, Kingston, NY – plizyè park nan vil Kingston pral patisipe nan aktivite netwayaj la. Pou jwenn pils detay nan www.kingston-ny.gov . Pou patisipe, imèl Steve Noble nan [email protected] oswa rele 845-481-7336.

• Laurelton Playground , New York, NY – pou plis enfòmasyon, tanpri imèl [email protected]

• F.T. Proctor Park, Utica NY – òganize pa Konsèvasyon Santral New York. Tanpri tcheke Conservancy’s website , Facebook page, ak Twitter pou plis detay. Pou anrejistre, tanpri kontakte Peter Falzarine nan [email protected] oswa Susan Smith nan [email protected] .

• Moh-He-Con-Nuck Nature Preserve, Bethlehem, NY – òganize pa zanmi Park Bethlehem ak Rekreyasyon. Pou anrejistre, tanpri kontakte [email protected]

• William E. Merrill Town Park , Parish, NY

###

Wa p jwenn lòt nouvèl nan sitwèb www.governor.ny.gov Eta New York | Executive Chamber | [email protected] | 518.474.8418

Haitian Creole