Pou Piblikasyon Imedya: 4/22/2016 GOUVÈNÈ ANDREW M. CUOMO State of New York | Executive Chamber Andrew M. Gouvènè | Gouvènè

GOUVÈNÈ CUOMO AK ABC STUDIOS ANONSE DEZYÈM SEZON SERI TELEVIZYON AP FILME NAN NEW YORK

Quantico ap jenere plizyè santèn djòb ak plizyè milyon dola pandan pwodiksyon an

Gouvènè Andrew M. Cuomo ak ABC Studios (yon filyal nan Konpayi Walt Disney ) jodia te anonse ke seri televizyon ki gen siksè Quantico ap kite Montreal e lap vini New York.

Sezon kap vini an ap gen ladan 22 epizòd chak ap dire inèdtan, kreye plizyè santèn djòb lokal epi jenere yon estimasyon $68 milyon nan depans Eta New York. Tout aspè nan pwodiksyon an, enkli ekip kap ekri a, ap baze nan New York. Tounaj la prevwa pou l kòmanse nan mwa Jiyè sa ki pral kreye omwen 300 djòb aplentan nan Eta New York, e pos-pwodiksyon an ap kontinye jouk nan mwa Me 2017. Pos-pwodiksyon pou premye sezon Quantico ’ te fèt nan New York, e li te ajoute plis pase $5 milyon nan ekonomi lokal la

“Eta New York konnen pa gen limit kreyatif, e lap bay yon opòtinite inik pou travay avèk sa ki pi bon nan endistri a,” te deklare Gouvènè Cuomo. “Nou fyè paske Disney rekonèt tout sa Empire State gen pou ofri e relokasyon Quantico ap jenere plizyè santèn djòb pou Nouyòkè yo ak kontribye plizyè milyon dla nan biznis lokal yo.”

Prezidan, PDG ak Komisyonè Empire State Development Howard Zemsky te deklare, “Nou kontan anpil paske nou gen aktè ak ekip yon gwo fim tankou Quantico kap filme nan New York. Seri a se yon adisyon akeyan nan edistri fim ak televizyon Empire State kap pwospere, sa ki te kreye plizyè milye djòb epi kontribye anpil nan lòt endistri yo nan eta.”

Patrick Moran, Vis Prezidan Egzekitif, ABC Studios, te deklare , “ABC Studios valorize gwo patenarya ki te devlope avèk Empire State Development (ESD) e nou enpasyan pou nou kolabore avèk ekip la pou kreye yon emisyon televizyon ekselan ansanm avèk elaji opòtinite travay pou Nouyòkè yo.”

Mark Gordon, Pwodiktè Egzekitif Quantico te deklare, “Depi mwen te nan lekòl sinema nan NYU mwen te vle filme yon seri televizyon nan New York. Mwen kontan anpil paske m travay avèk pwofesyonèl fim ak televizyon ki gen plis talan nan mond lan. Mwen renmen New York.”

Haitian Creole Joshua Safran, Pwodiktè Egzekitif Quantico te deklare, “Mwen pat ka pi kontan pase sa paske m anmezi pou m pote Quantico nan New York, sa fè twazyèm emisyon m (sou twa) kap filme nan vil kote m soti a. Quantico an pati reyalize nan New York e otantisite ak valè pwodiksyon ke yo jwenn senpleman paske yo pami anviwonman varye li a se yon bagay enkwayab. Mwen rekonesan paske m rejwenn ran emisyon ki pa sèlman filme la, ki pral fèt entegralman nan New York, enkli redaksyon ak pos- pwodiksyon.”

Kritik te aklame ABC Dimanch swa sou klasman a siksè Quantico te kòmanse nan mwa Septanm 2015 e li prezante vedèt entènasyonal kòm Alex Parrish, yon stajyè FBI ke yo te akize san rezon kòm lotè pi gwo atak teworis depi 9/11 . Deplase ant flashbacks nan Quantico a jodia, nap swiv santye defòmasyon an pou rive nan rasin mistè a. Dezyèm sezon Quantico ap tounen otou ajan ki fenk antre nan chan nan premye ane l.

Anpil gwo pwodiksyon seri fim ak televizyon te vante pwogram kredi taks film Eta New York kòm yon gwo faktè lè yo chwazi Empire State kòm kote pou yo filme. Depi 2004, 1,382 pwojè fim ak televizyon te patisipe nan pwogram lan e yo te estime ke li te jenere plis pase yon milyon nouvo djòb ak $20 milya nan nouvo depans nan Eta New York. Nan 2015 sèlman, yon rekò 203 pwojè fim ak televizyon te aplike pou pwogram nan, estime pou jenere 187,764 nouvo djòb ak $3.05 milya nan nouvo depans nan tout eta. Depi lane 2011, Disney te bay dirèkteman prèske 500 milyon dola nan ekonomi Eta New York atravè pwodiksyon televizyon ak pwodiksyon fim, ansanm ak apeprè 37,102 djòb pou Nouyòkè yo.

ABC Studios se yon lidè nan devlopman, pwodiksyon ak distribisyon stratejik ak kontni divètisman nan difizyon, kab ak platfòm sou demann. Estidyo a se yon founisè kontni enpòtan pou ABC nan Lwazi, li te pwodui plizyè sezon seri ki gen siksè, sa ki gen ladan emisyon aktyèl tankou “American Crime,” “black-ish,” “Castle,” “Grey's Anatomy,” “How to Get Away with Murder,” “Marvel's Agents of S.H.I.E.L.D.,” “Marvel’s Agent Carter,” “Mistresses,” “Nashville,” “Once Upon a Time,” “Quantico,” “Scandal” ak “Secrets and Lies” for ABC; “Criminal Minds” for CBS ansanm avèk “Devious Maids” for Lifetime. Pou sezon aktyèl la, ABC Studios ap pwodui “The Muppets,” “Quantico” ak “The Real O’Neals” sou ABC, “Grandfathered” sou FOX, ak “Code Black” ak “Criminal Minds: Beyond Borders” sou CBS.

###

Wa p jwenn lòt nouvèl nan sitwèb www.governor.ny.gov Eta New York | Executive Chamber | [email protected] | 518.474.8418

Haitian Creole