Quick viewing(Text Mode)

Haitian Creole

Haitian Creole

Pou Piblikasyon Imedyat: 18 jiyè 2013

GOUVÈNÈ CUOMO ANONSE YON PATENARYA ETA AK YES NETWORK AK NY POU ANKOURAJE FANATIK PASE VAKANS NAN NEW YORK PANDAN ETE SA

Mariano Rivera ak Pami Plizyè Jwè All-Star ki Parèt nan Kanpay I Love NY la kap Fè Pwomosyon New York

Gouvènè Andrew M. Cuomo te anonse jodi a lansman yon nouvo kanpay maketin I Love NY ki konsewa pou ankouraje plizyè milyon fanatik baseball pase vakans nan Eta New York pandan ete sa. Pwogram lan ap pase sou YES Network la, kay ofisyèl chanpyon 27 fwa la, , ak sou SportsNet NY (SNY), stasyon ofisyèl , epi ap prezante plizyè spòt piblisitè 15 segonn ak pèsonalite popilè nan Yankees ak Mets.

“Antanke de nan ekip spòtif ki pi konni nan monn lan, Yankees ak Mets ki nan New York, se anbasadè ideyal pou fè pwomosyon eta nou an bò kote fanatik baseball nan tout nasyon san,” te deklare Gouvènè Cuomo. “Kanpay sa ki fèt nan patenarya ak YES Network ak SportsNet NY pral prezante kèk nan pi gwo jwè vedèt baseball to fè pwomosyon tou sa New York gen pou l ofri vizitè, ki nan match nan CitiField ak Yankee ak nan Baseball Hall of Fame nan Cooperstown. Pandan ete sa, pa gen meyè destinasyon pase Empire State pou fanatik pase vakans yo.”

Jwè Yankee k ap nan spòt piblisite yo se prensipal stopè pèmanan ak sipleyan David Robertson, ansanm ak Manadjè , ki dirije klèb la pandan kat seri eliminatwa youn dèyè lòt, san bliye chanpyona a.

Pou Mets New York, moun kap nan spòt la se twazyèm baseman lan, David Wright, All-Star sèt fwa, gayan de fwa epi gayan de fwa, ansanm ak dezyèm baseman frapè bat goche Daniel Murphy, ak premye lansè Matt Harvey, ki te nan pozisyon premye lansè pou match 2013 All-Star yo anplis li se premye lansè lig majè yo sou nèf ane pou kòmanse yon All-Star Game nan stad lakay li.

Spòt piblisitè a yo pral pase pandan match Yankees ak Mets sou YES ak SNY, respektivman, pandan mwa jiyè ak Dawout, ak tou atravè lòt pwogramasyon sou chèn yo. Fanatik nan match yo pral kontan wè tou

Haitian Creole

spòt k ap montre jwè prefere yo kap pase nan match lakay yo sou tablo afichaj nan tou de stad ak Citi Field.

Lè yo pral wè afich “I Love NY” dèyè mab la, fanatik ekip vizitè yo pral jwenn mesaj ki di Yankees ak Mets renmen eta rezidans yo -- epi Eta New York renmen yo tou.

Pou wè spòt 15 segonn yo klike sou lyen pi ba yo:

Yankees

Joe Girardi https://playbook.yankeenetstv.com/view-requests/Default.aspx?guid=9DC58962-EFC3- 4FA2-BFB2-AA52D176737C

Mariano Rivera https://playbook.yankeenetstv.com/view-requests/Default.aspx?guid=0BF01E0C-5E87- 4326-89CB-66020CF99D3C

David Robertson https://playbook.yankeenetstv.com/view-requests/Default.aspx?guid=EFF36293-FC5B- 4CEE-A189-DA5A21A08540

Mets

David Wright https://www.box.com/shared/qoc223hjenq4m81xkogp

Daniel Murphy https://www.box.com/shared/dbw3dmfsdrijv1ijg6ik

Pou jwenn plis enfòmasyon sou vwayaj pandan ete a, vizite sitwèb eta New York la: http://iloveny.com/summer.aspx .

# # #

W ap jwenn lòt nouvèl nan sit wèb www.governor.ny.gov Eta New York | Executive Chamber | [email protected] | 518.474.8418

Haitian Creole