Pou Piblikasyon Imedya: 19/07/2017 GOUVÈNÈ ANDREW M. CUOMO

GOUVÈNÈ CUOMO ANONSE TRANSFÒMASYON ISTORIK 5.6 MILYA DOLA K AP FÈT NAN LA

Apre 70 zan Imobilite, tout Pwojè pou Konstwi Nouvo LIRR la yo ap Vanse - sa gen ladan Twazyèm Ray Liy Prensipal la, Ray Doub Vwa a ak Rekonstriksyon a

Rekonstriksyon Ray, egiyaj, Siyalizasyon ak Sikisal Elektrik yo k ap fèt Toupatou nan Sistèm lan yo pral Ogmante Kapasite pa plis pase 80 pousan

Transfòmasyon yo te Posib Gras a Patenarya MTA, Eta, ak Fonksyonè Lokal yo te fè ak Kominote Long Island yo; Pwojè Twazyèm Ray la pap Itilize Okenn Pwopriyete Rezidansyèl epi l ap gen ladan Mezi Atenyasyon Global yo

Jodi a, Gouvènè Andrew M. Cuomo te anonse yon transfòmasyon istorik 5.6 milya dola k ap fèt nan Long Island Rail Road la pou ranfòse enfrastrikti transpò rejyon an epi ouvri pòt pou yon nouvo peryòd kwasans ekonomik. Apre 70 zan imobilite, toule 100 pwojè envestisman transfòmatif LIRR yo ap vanse vè lavan, ki gen ladan Twazyèm Ray Liy Prensipal la (Main Line Third Track), Ray Doub Vwa la (Double Track) ak Rekonstriksyon Jamaica Station a, y ap renove 39 estasyon Long Island Rail Road yo ak pasaj anivo y ap elimine yo -- sa k ap modènize sistèm transpò a toupatou atravè rejyon an pou ofri yon sistèm modèn depwent pou Long Island.

Transfòmasyon 5.6 milya dola sa a fè pati pwogram enfrastrikti 100 milya dola New York la, ki se pi gran pwogram nan peyi a. Yon eleman santral nan plan sa a se pou konstwi yon nouvo Tinèl Hudson ant New York ak New Jersey epi reyabilite tib ki la deja yo. Pwojè Gateway a (Pòtay la) pral konekte vwayajè yo k ap soti nan zòn koridò Nòdès yo epi pote pasaje yo vini nan kè sistèm nou an. Nouvo konplèks Penn-Farley Complex a ap konplemante pwojè enpòtan anpil sa a, l ap gen ladan nouvo bilding Moynihan Train Hall la, ki se yon etablisman ki mezire 255,000 pye kare k ap koute 1.6 milya dola yo atann k ap ouvri pòt li an 2020. Penn-Farley Complex a ap gen ladan tou Konkous West End yo fenk ouvri a, ki pèmèt pasaje LIRR ki pral nan travay yo monte tren yo san yo pa bezwen antre nan Penn Station lan. Anplis de sa a, pwojè transfòmatif (pou bay aksè a Zòn Lès la) pral kreye premye sèvis LIRR dirèk pou ale zòn lès la epi l ap ogmante kapasite pou ale retou nan Manhattan. “Avèk transfòmasyon konplè sa k ap fèt nan Long Island Railroad la, New York ap rekaptire anbisyon kouraje ki te rann rès peyi a jalou de enfrastrikti nou an epi l ap konstwi pou sèvi alavni diran. LIRR se kolòn vètebral ekonomi rejyon an, epi kouraj ak rezistans Long Island lan mande pou gen envestisman anbisye, transfòmatif ki fèt pou ranfòse rezo transpò nou an”, Gouvènè Cuomo te deklare. “Soti nan Pwojè pou enstale Twazyèm Ray ak Dezyèm Ray yo rive nan amelyorasyon pou vin gen teknoloji ak siyal modèn depwent yo, nou ap oze imajine sa ki pi bon ankò, epi satisfè bezwen pèp New York la yon lòt fwa ankò.”

Eleman ki espesifik pou Long Island Rail Road yo gen ladan:

Twazyèm Ray Liy Prensipal la

Pwojè 2 milya dola pou Agrandisman LIRR la (LIRR Expansion Project) pral ajoute yon twazyèm ray sou yon distans 16 kilomèt ki sou zòn ki konn gen blokis sou Liy Prensipal LIRR la ki ant Floral Park ak Hicksville la, epi elimine toulesèt pasaj a nivo sou lari ki anndan koridò pwojè a yo. Avèk 40 pousan nan pasaje LIRR yo k ap itilize Liy Prensipal la, epi akoz pozisyon santral ki enpòtan anpil kote koridò a ye a nan sistèm LIRR la, reta nan pwojè a te gen enfliyans negatif toupatou nan LIRR la nèt epi reta te gen enpak sou anpil milye pasaje ki pral nan travay yo.

Sou lòd Gouvènè a epi apre 70 zan imobilite, eta, MTA, fonksyonè lokal yo ak kominote Long Island lan yo ap vanse pwojè 2 milya dola sa a vè lavan. Nouvo plan transfòmatif sa a diferan anpil de pwopozisyon yo te fè nan tan pase yo. Plan an pap itilize okenn pwopriyete rezidansyèl, l ap elimine sèt pasaj anivo ki sou lari yo, epi l ap elaji oswa ogmante wotè sèt pon ki sou wout liy lan yo pou evite machin ki wo yo frape pon yo. Anplis de sa, gen senk nouvo espas pakin ki itilize enèji nan fason efikas ki gen yon kapasite ki ka kenbe 3,500 machin y ap konstwi an kowòdinasyon ak Vilaj Mineola a ak Westbury ak Vil Oyster Bay a. Etablisman an pral gen ladan biwo jesyon sou plas onivo lokal yo.

Nan kad pwojè transfòmatif twazyèm ray sa a, eta a ap antreprann yon pwogram global pou redwi bwi - y ap ranplase tout ray yo epi konstwi yon nouvo Twazyèm Ray ki itilize teknoloji rediksyon bwi avanse. Pwojè a gen ladan mi ki ka redwi bwi sou tout longè prèske 10 kilomèt katye rezidansyèl ki sou wout liy prensipal la, epi l ap gen tretman achitekti pou konplemante anviwonnman ozalantou yo.

Eta pral ranplase tou enfrastrikti elektrik yo atravè tout sistèm lan avèk sèt nouvo sikisal traksyon elektrik pou amelyore fyabilite ak ogmante kapasite yo ase pou yo ka alimante twa tren LIRR k ap vwayaje an menm tan. Anplis de sa, pou ogmante sekirite, sistèm lan pral ajoute yon kòmand entegre nan tren yo (positive train control) pou evite erè operatè yo konn fè yo.

Pou asire kominote a bay opinyon yo sou pwojè a pandan tout dire li, eta a ap antre nan pwotokòl akò avèk kominote k ap viv sou zòn Twazyèm Ray Liy Prensipal la yo. Pwotokòl akò yo (Memorandum of Understanding, MOU) pral envite kominote yo bay opinyon yo sou konsepsyon pwojè a, ki gen ladan konsepsyon estetik kèk eleman nan pwojè a yo tankou mi yo, konsiderasyon pou sikilasyon ak pakin, itilite, drenaj, kontwòl ensèk nwizib yo ak pousyè, devlopman k ap oryante anvè transpò komen, pwogramasyon ak dire konstriksyon an, sekirite kominote a ak kalite lavi moun nan kominote yo.

Ray Doub Vwa a

Pwojè 20 kilomèt Ray Doub Vwa a k ap koute 387.2 milyon dola ap pèmèt LIRR bay sèvis ki vini pi souvan nan lè ki konn gen mwens anbouteyaj yo pou ale nan Branch Ronkonkama a nan toulede direksyon yo, ak sèvis nan lè ki gen mwens anbouteyaj yo soti nan yon tren ki te konn pase chak inèdtan a yon tren k ap pase chak 30 minit nan toulede direksyon yo.

Kantite moun ki vwayaje nan Branch Ronkonkoma LIRR la chak jou nan semèn nan plis pase 48,000. Avèk yon sèl ray tren sou prèske tout longè wout ant Farmingdale ak Ronkonkoma a, LIRR ka fè yon kantite tren limite fonksyone sèlman epi li manke fleksibilite operasyonèl nan ka ta gen yon deranjman. Pwojè a ap redwi delè ki asosye ak entèripsyon sèvis yo, lè l bay chemennfè a fleksiblite pou kontoune obstak ke li pa ka kontoune aktyèlan ak tinèl vwa inik la.

Pwojè Ray Doub Vwa a pral fini nan ete pwochen an- sa vle di 16 mwa avan dèle MTA te planifye a.

Lakou Triyaj Tren Mid-Suffolk la

Akoz de espas estokaj ki pa genyen nan east end lan (zòn lès la), eta ap konstwi Lakou Triyaj Tren Mid-Suffolk la k ap koute 128 milyon dola nan Ronkonkoma. Lakou triyaj la pral founi espas adisyonèl pou antretyen, enspeksyon ak fè reparasyon nan wagon tren yo pou flòt elektrik la epi nan konsa pèmèt LIRR ogmante sèvis li yo pandan anbouteyaj lèmaten yo pa omwen 50 pousan, sa k ap ajoute uit tren anvè lwès nan pwogramasyon lematen aktyèl la. Eta ap konstwi tou 11 ray adisyonèl atravè 5.2 ekta nan Lakou Triyaj Tren Mid-Suffolk la, chak ap gen kapasite pou yo kenbe 12 seri wagon tren. Pou sipòte fonksyonman Lakou Triyaj Tren an, eta ak konstwi tou yon nouvo Etablisman Kòmand pou LIRR (LIRR Command Facility), k ap mezire 28,000 pye kare. Reprezantasyon grafik nouvo lakou triyaj la disponib isit la.

Siyal, Ray, Enfrastrikti Jamaica Station a yo

Yo pat janm modènize konfigirasyon ray nan Jamaica Station depi lè yo te ouvri estasyon an, an 1913 la. Nan kad pwojè 375 milyon dola sa a, eta ap rekonstwi Jamaica Station a, ki pral kenbe prèske tout tren LIRR yo, ki gen ladan egiyaj ak siyal ki gen plis vitès, ak yon nouvo platfòm pou rasyonalize fonksyonnman yo ak ogmante kapasite sèvis li yo anvè Atlantic, Penn ak Grand Central.

Pwojè a gen ladan konstriksyon yon ray yo devwe a Tèminal Atlantic la pou tren yo pa bezwen itilize ray ki konekte lòt ray adjasan yo pou yo gen aksè a Brooklyn lan, jan konfigirasyon aktyèl la oblije yo fè a. Ray sa a pral ofri pasaje ki prale anvè Brooklyn yo yon tren “rapid” ak yon nouvo platfòm ki pral gen ladan tou miray ki fèt an glas epi ki rechofe espas datant lan, ansanm ak estasyon Wi-Fi ak espas pou chaje aparèy ak USB ki pèmèt kliyan yo rete konekte epi chaje telefòn yo pandan y ap tann tren an. Pwojè a pral alonje tou senk nan platfòm ki la deja yo pou akomode tren long ki gen 12 wagon yo pou redwi anbouteyaj ki ka lakoz reta yo.

Amelyorasyon nan Sistèm LIRR la

Eta pral ranfòse tou 12 pon adisyonèl epi y ap ranplase ak modènize 13 sikisal enèji elektrik yo.

Pou amelyore eksperyans, sikilasyon ak konfò pasaje yo, eta a ap amelyore 39 estasyon atravè sistèm lan.

Estasyon yo gen ladan:

Rekonstriksyon Jamaica Station a - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Port Jefferson Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Stony Brook Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Brentwood Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Stewart Manor Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Bellmore Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Flushing - Main Street Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Mineola Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Merillon Ave Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Westbury Station - Reprezantasyon grafik lan disponib isit la Port Washington Station Bayside Station Met-Willets Point Station Hunterspoint Avenue Station Brookhaven National Lab Station Locust Manor Station

W ap jwnen plis reprezantasyon grafik disponib isit la.

Senatè Carl L. Marcellino te di, “Long Island Railroad se sistèm tren banlye ki gen plis anbouteyaj nan peyi a, anpil santèn milye Nouyòkè depann de li chak jou pou yo ale ak soti nan travay. Nou dwe pèp Long Island lan sa a epi nou dwe fè l pou tèt nou tou pou nou ka modènize sistèm lan pou l vin nan 21èm syèk la. Yon nouvo LIRR ki pi efikas pral rann sistèm lan pi an sekirite epi l ap ofri pasaje yo yon meyè eksperyans. Pa te janm gen yon moun ki te defann LIRR plis pase Gouvènè Cuomo, epi yon lòt fwa ankò n ap remèsye l paske l kontinye sipòte LIRR ak pèp Long Island lan.”

Senatè Phil Boyle te di, “Nou bezwen plizyè solisyon pou nou redwi pwoblèm k ap toumante Long Island Rail Road la yo. Sena, Gouvènè Cuomo, ak fonksyonè MTA yo te montre angajman yo atravè desizyon yo pran pou yo fè vanse vè lavan Twazyèm Ray la ak lòt amelyorasyon k ap fèt aktyèlman pandan eta sa a yo. Plan sa a se yon lòt pa nan yon bon direksyon pou nou travay pi byen pou pasaje nou yo ki pral nan travay yo pandan n ap amelyore enfrastrikti a ak pwomouvwa devlopman ekonomik atravè tout rejyon zòn sid eta a an menm tan.”

Senatè Todd Kaminsky te di, “Pou Long Island ka vanse, l ap bezwen jan de ide kouraje sa Gouvènè Cuomo te dekri a yo. Mwen kontan tou pou m wè modènizasyon y ap fè nan sistèm siyalizasyon Jamaica a -- pwojè sa a gen dwa pa gen tout franchlich ak tralala yo men li vital pou yon vwayaj moun ka depann de li pou y al travay.”

Senatè John E. Brooks te di, “Se yon trè bon desizyon pou nou envesti nan enfrastrikti Long Island lan. Mwen aplodi angajman Gouvènè Cuomo pran pou rann Twazyèm Ray sa a vin yon reyalite. Se yon pwojè ki mande anpil kouraj ki pral atire biznis yo vin tounen nan Long Island, kreye djòb, ogmante valè imobilye yo, epi finalman, kòm konsekans sa ap atire plis jèn moun vin elve fanmi yo nan Long Island.”

Manm Asanble Charles D. Lavine te di, “Kominote nou an kontan anpil pou l wè transfòmasyon LIRR la, apre plizyè ane te pase san yo pat fè okenn nan modènizasyon sistèm nan byen bezwen fèt yo pou amelyore sekirite ak efikasite. Envestisman sa yo k ap fèt nan enfrastrikti New York la se elan ekonomi nou an byen bezwen an avèk yon pwomès gwo pwojè sa yo ap bay randman k ap rann New York rete yon lidè nan endistri a. Peryòd sa se yon moman ki pote anpil kontantman epi se yon opòtinite pou nou raple nasyon an ki sa ki anime nou.”

Manm Asanble, Dave McDonough, ki se yon Manm Diyitè Komite Transpò Asanble a (Assembly Transportation Committee), te di, “Mwen wete chapo devan vizyon ak pwogrè Gouvènè Cuomo yo ki te kòmanse nan Long Island nan rezo transpò ak enfrastrikti nou an.”

Manm Asanble Andrew P. Raia te di, “Mwen aplodi Gouvènè Cuomo ak fonksyonè eli nou yo paske y ap travay ansanm pou yo garanti envestisman ki nesesè pou konstwi yon meyè sistèm transpò komen jodi a, sa ka p poze fondasyon pou yon kominote ki pi briyan, pi solid demen. Nouvo ray sa yo pral ranfòse biznis yo toupatou atravè rejyon an epi l ap founi yon mwayen pou rezidan yo fè vwayaj ki sekirize nan katye toupatou atravè Long Island yo, epi nouvo estasyon nan Deer Park la pral yon benediksyon pou kwasans kominote nou an. Mwen atann pou ouvèti twazyèm ray la ak pou yon vwayaj ki pi efikas pou fanm ak gason k ap travay di yo al nan travay pou anpil ane k ap vini ankò.”

Manm asanble Michael Montesano te deklare, “Prezantasyon Gouvènè Cuomo te fè jodi a konsènan 3èm ray LIRR la soti nan Floral Park rive Hicksville la, 2èm ray nan Ronkonkoma ak kreyasyon yon koneksyon ant Farley Station a ak Penn Station lan ansanm ak reparasyon ak modifikasyon k ap fèt aktyèlman la yo pou rann LIRR pi an sekirite pou moun Long Island yo, epi ki kreye djòb pou mendèv lokal nou an. Mwen kontan Gouvènè Cuomo te defann pwojè sa a. Sekirite ta dwe toujou premye priyorite, epi yo te byen bezwen amelyorasyon ak reparasyon sa yo depi byen lontan.”

Manm asanble Dean Murray te deklare, “Antanke yon manm aktyèl Komite Transpò Asanble Eta New York la, mwen konvenk pwojè tankou twazyèm ray la, ray doub vwa a, revitalizasyon estasyon yo ak lòt amelyorasyon teknolojik k ap fèt nan MTA/LIRR yo, tout ap jwe yon wòl enpòtan nan desizyon sou direksyon Long Island dwe pran alavni. Mwen remèsye Gouvènè a ak kòlèg mwen yo nan Asanble a ak nan Sena pou sipò inebranlab yo te bay pwojè sa a ak anpil lòt amelyorasyon k ap fèt nan enfrastrikti yo ankò, k ap ede modèzine Long Island pou l vin nan 21èm syèk la.”

Kevin Law, ki se Prezidan ak PDG Long Island Association lan te di, “Gouvènè a te toujou yon zanmi, yon defansè ak yon sipòtè pou Long Island, epi jodi a li ap satisfè bezwen moun Long Island yo yon lòt fwa ankò. Pwojè twazyèm ray la reprezante yon envestisman istorik nan rejyon an ki pral estimile kwasans ekonomik ak kreye meyè eksperyans pou pasaje ki pral nan travay yo pandan y ap abòde preyokipasyon lejitim kominote k ap viv ozalantou pwojè a genyen yo. Mwen aplodi Gouvènè Cuomo paske lap fè pwojè nou tap tann depi byen lontan sa vin yon reyalite.”

Direktè Konte Nassau a, Edward P. Mangano te di, “Anba lidèchip Gouvènè Cuomo, nou ap fè sa ki te yon fwa yon rèv vin tounen yon reyalite pou moun Long Island yo. Pwojè twazyèm ray la pral gen yon enpak transfòmatif sou Long Island, k ap amelyore sèvis yo atravè tout sistèm LIRR la. Epi sa k ap rann pwojè sa pi espesyal ankò, l ap enkòpore opinyon kominote a nan chak etap yo, sa k ap asire pwojè Twazyèm Ray la ap benefisye pasaje LIRR yo ansanm ak kominote k ap viv sou tout longè ray la yo. Sa a se egzakteman jan de pwojè enfrastrikti konsa eta sa ak konte sa bezwen pou kontinye fè ekonomi an vanse vè lavan.”

Steve Bellone, ki se Chèf Egzekitif Konte Suffolk, te deklare: “Pandan twò lontan, pasaje nou yo t ap fè eksperyans reta ki pa nesesè epi y ap pi fistre dejou an jou akoz de blokis sou liy prensipal la yo. Men gras a Gouvènè Cuomo, nou ap bay moun Long Island yo yon soulajman epi n ap asire yo resevwa sèvis yo merite yo. Pwojè twazyèm ray la se yon testaman ki montre angajman Gouvènè Cuomo pran pou l rekonstwi enfrastrikti nou an, ki konfòm ak Plan Connect Long Island lan ki pral soulaje blokis sikilasyon, ogmante mobilite ak estimile kwasans ekonomik. Mwen atann pou m kontinye travay ak Gouvènè Cuomo ak tout pati konsène yo pou nou satisfè bezwen rezidan nou yo.”

Majistra Vilaj Floral Park la, Dominick Longobardi te di, “Mwen vle remèsye Gouvènè Cuomo ak anplwaye li yo ansanm ak MTA/LIRR pou preyokipasyon yo ak efò yo ap fè pou yo travay pou yo dakò sou Pwotokòl Akò a ki pral finalman ede asire pwoteksyon rezidan ak biznis nou yo pandan konstriksyon an ap vanse vè lavan. Mwen atann pou m travay ansan ak yo, nan menm kad efò kolaboratif sa a, pandan pwojè agrandisman LIRR la.”

Majistra Vilaj New Hyde Park la, Lawrence Montreuil te di, “Mwen ta vle remèsye Gouvènè Cuomo ak ekip li a pou kantite lè inonbrab yo pase ap travay pou yo rezoud preyokipasyon sensè rezidan nou yo ki pwobableman ap sibi plis enpak negatif pwojè a yo. Gouvènè a te asire y ap kontinye reponn a preyokipasyon rezidan lokal yo epi y ap redwi enpak sa yo. Pwosesis sa demontre enterè rejyonal ak enterè lokal yo ka aliyen kòt a kòt. Mwen atann pou m kontinye kolabore ak biwo Gouvènè a ak LIRR tou pandan y ap fin konstwi pwojè sa a pou sèvi rejyon an.”

Majistra Vilaj Garden City an, Brian Daughney te di, “Gouvènè Cuomo ak ekip li a te montre lidèchip ak prevwayans ak respè pou pwosesis Twazyèm Ray LIRR la. Gouvènè a te ensiste pou ekip li a travay ansanm ak kominote lokal yo pou asire yo reponn a preyokipasyon yo epi l ap kontinye reponn a yo pandan tout dire pwosesis konstriksyon an. Nou apresye Gouvènè Cuomo ak ekip li a, ak direksyon anchaj MTA ak LIRR la, paske yo te travay ak lespri yo ouvè epi yo te transparan epi yo te gen volonte pou yo travay ansanm avèk nou. Li difisil pou planifye ak reyalize gran pwojè enfrastrikti sa yo, epi Gouvènè Cuomo ak Sena Eta ak Asanble Eta a merite nou felisite yo paske yo te gen motivasyon ak resous ki nesesè pou fè vanse pwojè Twazyèn Ray la vè lavan nan yon fason ki pral pwoteje kominote nou yo pandan y ap konstwi yon meyè sistèm transpò komen. Fondatè Garden City a, Alexander Stewart, ki te kwè pami lòt bagay ankò, li nesesè pou yon kominote reyisi genyen yon wout tren fyab k ap fonksyone. Mwen imajine Mesye Stewart t ap apresye vizyon Gouvènè Cuomo genyen pou l amelyore LIRR la atravè pwojè Twazyèm Ray la pou amelyore Long Island.”

Majistra Vilaj Mineola a, Scott Strauss te di, “Gouvènè Cuomo te monte li gen volonte pou l travay epi enkli gouvènman lokal la pou l etabli akonplisman rekò li yo lè l ap atake pwoblèm ki gen nan gran enfrastrikti yo epi satisfè bezwen opsyon transpò tout Nouyòkè yo merite. Transfòmasyon ak antretyen Long Island Rail Road la ap entegral pou avni nou epi li enpòtan anpil pou sante sant vil nou yo ak pou ekonomi Long Island lan.”

Majistra Vilaj Westbury a, Peter Cavallaro te di, “Sistèm transpò komen ki plen anbouteyaj nou an ap resi resevwa atansyon li te bezwen pou l ka ofri vwayaj nan nivo 21èm syèk bay rezidan ak vizitè yo pou anpil jenerasyon k ap vini ankò. Anba lidèchip Gouvènè Cuomo, moun Long Island yo pral resi genyen mwayen efikas, sekirize yo merite pou yo vwayaje. Mwen kontan anpil pou nou selebre lansman pwojè 2 milya dola sa a, ak amelyorasyon enfrastrikti ak sekirite nou yo byen bezwen l ap reprezante pou kominote ak rejyon nou yo. Mwen remèsye Gouvènè Cuomo pou vizyon ak angajman l pran anvè Long Island ak rezidan l yo.”

Sipèvizè Vil Oyster Bay a, Joseph Saladino te di, “Gouvènè Cuomo te pwouve yon lòt fwa ankò lè gen bon lidèchip ak kolaborasyon kominotè, gouvènman ka travay pou yo akonpli bagay yo. Nan kad pi gran efò modènizasyon nan nasyon an, twazyèm ray la, ak transfòmasyon nan Tèminal Jamaica, New York ap sèvi kòm modèl pou chak eta nan kat kwen peyi a. Mwen felisite Gouvènè a paske l te gen detèminasyon ak kouraj pou l wè pwojè istorik sa reyalize, epi mwen atann pou m wè pwogrè li yo epi pou m wè pwojè sa fini, paske l pral amelyore konfò ak fyabilite pou tout pasaje ki pral nan travay yo.”

Majistra Vilaj Patchogue la, Paul Pontieri te di, “LIRR se yon lyen enpòtan pou sant komèsyal ki pi vibran nan mond lan. Efò san pran souf Gouvènè Cuomo ap fè yo ap asire efò Long Island ap fè pou kontwole taks lè l kreye yon baz komèsyal, endistriyèl ak touristik la ap kontinye.”

Majistra Vilaj Farmingdale la, Ralph Ekstrand te di, “Moun Long Island ki pral nan travay yo merite gen aksè a yon sistèm tren ki fyab epi ki efikas - egzakteman kontrè a sa nou genyen jodi a la. Gras a Gouvènè Cuomo, rezidan ki itilize LIRR chak jou yo pral resi ka wè rezon pou yo gen espwa - avèk envestisman san presedan k ap fèt nan enfrastrikti transpò rejyon an sa a, nou ka pouse Long Island anvè 21èm syèk la pandan nap asire vyabilite l pou anpil jenerasyon k ap vini ankò.”

Majistra Vilaj Old Brookville la, Bernard D. Ryba te di, “Long Island Rail Road la se kolòn vètebral Long Island, epi rejyon an depann de envestisman k ap kontinye fèt ladan l pou ranfòse enfrastrikti li yo. Avèk yon plan vizyonè pou transfòme LIRR la, Gouvènè Cuomo pral ede sipòte kwasans ekonomik epi ranfòse rezistans kominote yo toupatou atravè Long Island lan. Mwen aplodi envestisman sa yo epi mwen atann pou m wè yo reyalize konplètman pou yo ka benefisye jenerasyon Nouyòkè aktyèl yo ak sila k ap vini yo.”

###

W’ap jwenn lòt nouvèl ki disponib sou sitwèb www.governor.ny.gov Eta New York | Chanm Ekzekitif | [email protected] | 518.474.8418