Lekòl Piblik

Norwich Kristen E. Stringfellow, Ed.D., Sipèentandant

MEMO

DAT : 12 Desanm 2019 A : PARAN / GADYEN DE : Kristen E. Stringfellow, Ed.D., Sipèentandant Lekòl yo SIJÈ : ENFÒMASYON SOU LEKÒL LAGE BONÈ / LEKÒL FENMEN 2019 - 2020

If you would like this information translated into Spanish, Haitian Creole or Chinese, please contact Kristen Talley – 860.823.4205, ext. 2595 Si a usted le gustaría esta informaciόn traducida al español, criollo haitiano o chino, sírvase contactar a Kristen Talley – 860.823.4205 ext. 2595 Si ou ta renmen enfomasyon sa tradui an Español, Kreyόl Ayisyen oubyen Chinwa, tanpri kontakte Kristen Talley – 860.823.4205 ext. 2595 如果您想这些资料翻译成西班牙文,海地语或中文,请联系 Kristen Talley 860.823.4205 ext. 2595

Lè lekòl Piblik Norwich ap fenmen pou jounen an, ap louvri an reta, ap lage bonè oswa anile pwogram apre- lekòl akoz kondisyon meteyo yo ki ap deteryore oswa lòt ijans, radio, estasyon televizyon ak sitwèb ki liste anba yo ap resevwa anons e anons yo ap kòmanse a 6:00 AM. Lekòl Piblik Norwich yo ap itilize tou sistèm mesaj lekòl lan “The School Messenger”, ki otomatikman rele ou lè jan sitiyasyon sa yo rive. Li enpotan pou biwo lekòl lan gen nimewo telefon ou ki pi aktyèl lan.

AM: WICH-1310 FM: WCTY-97.7 WNLC-98.7 WBMW-106.5 & 107.7 WKNL-100.9 TV: NBC WTNH WFSB FOX CT

Sitwèb : www.norwichpublicschools.org Swiv nou sou Twitter! @norwichps Facebook : Norwich Public Schools ANONS LEKÒL FENMEN : Yon anons “Lekòl Fenmen / No School” vle di PAP GEN TRANSPÒ pou al nan okenn lekòl nan Norwich epitou nan lekòl ki andeyò vil lan, pou pwogram apre-lekòl yo ak aktivite nan sware yo.

LEKÒL LOUVRI AN RETA : Lekòl Piblik Norwich yo ap itilize yon 2è de tan reta lè y’ap bezwen louvri an reta. Sa vle di transpò ap rive anviwon 2 è pita ke lè nòmal pou yo vinn chèche pitit ou an. Sa enkli transpò “an deyo vil lan”. Gad lajoun, pou elèv ki deja anrejistre e ki frekante’l, ap komanse a 8:30 AM. Tanpri pa depoze pitit ou pou gad lajounen si yo pa patisipe regilyèman nan pwogram sa a. Si kondisyon transpò pa amelyore, li posib pou lekòl yo PA louvri – tanpri kontinye koute estasyon radyo / TV pou mizajou (update).

LEKÒL LAGE BONÈ : Anons ke LEKÒL PIBLIK NORWICH yo ap lage bonè yon jou an patikilye pral anonse nan radyo, televizyon, ap poste sou sitwèb nou, nan medya sosyal epi nan sistèm School Messenger.

PWOGRAM APRE-LEKÒL: Nan ka lekòl lage bonè, otomatikman pa pral gen pwogram apre-lekòl. Ka gen lè lekòl lan lage a lè nòmal, men pwogram apre-lekòl yo anile akoz tan ki enkleman oswa lòt sikonstans. Enfòmasyon sa ap anonse pa radyo, televizyon, poste sou sitwèb nou, sou medya sosyal epi nan sistèm School Messenger.

PWOGRAM PRESKOLÈ Lè gen yon 2è de tan reta, PAP gen sesyon maten preskolè pou sesyon mwatye jounen yo. Sesyon apre-midi an ap gen bis a lè nòmal. Nan ka lekòl lage bonè, sesyon apre-midi preskolè an pral anile. Elèv maten preskolè ap rete epi lage a men lè rès elèv yo, a lè lage an.

Si ou gen okenn kesyon sou prosedi sa yo, lekòl pitit ou an ap twò kontan reponn kesyon pou ou. Sonje, premye apèl ou ta dwe pou lekòl pitit ou an :

Bishop: 860-823-4201 Veterans: 860-823-4209 Huntington: 860-823-4204 Wequonnoc: 860-823-4210 Mahan: 860-823-4205 Kelly STEAM: 860-823-4211 Moriarty: 860-823-4206 Teachers’ Global: 860-823-4212 Stanton: 860-823-4207 Case Street: 860-892-4354 Uncas: 860-823-4208 Norwich Transition Academy: 860-934-1901

Sèvis Transpò : FIRST STUDENT TRANSPORTATION SERVICES – 860-886-4194

SI YON BIS / VEYIKIL PA KA KONPLETE WOUT LAN AKOZ KONDISYON LARI YO, LI AP :

• Kenben tout elèv yo nan veyikil lan pandan yon apèl ap fèt pou kontakte staf pou asistans epi rele paran / gadyen.

Mèsi pou kowoperasyon on nan jou difisil sa yo. N’ap fè tout sa ki posib pou tout operasyon ka pase swa epi an sekirite.